YouVersion Logo
Search Icon

Lik 8:40-56

Lik 8:40-56 HAT98

Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l, paske tout moun t'ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l nan pye Jezi, li mande li: — Tanpri souple, ann al lakay. Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m, mwen kite l prèt pou mouri. Pandan Jezi ta pral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l toupatou. Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, san yo yonn pat kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: — Ki moun ki manyen m lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: — Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: — Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze. Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li: — Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: — Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: — Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: — Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje. Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy