Lik 8:40-56

Lik 8:40-56 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l, paske tout moun t'ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l nan pye Jezi, li mande li: — Tanpri souple, ann al lakay. Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m, mwen kite l prèt pou mouri. Pandan Jezi ta pral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l toupatou. Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, san yo yonn pat kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: — Ki moun ki manyen m lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: — Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: — Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze. Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li: — Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: — Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: — Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: — Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje. Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:40-56 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Tout le monde attendait Jésus de l’autre côté du lac. Quand il revient, la foule l’accueille. À ce moment-là, un homme arrive. Il s’appelle Jaïrus. C’est le chef d’une maison de prière. Il se jette aux pieds de Jésus et lui demande de venir dans sa maison. En effet, sa fille unique, qui a douze ans, est mourante. Sur la route Jésus est presque étouffé par la foule. Il y a là une femme qui est malade. Depuis douze ans, elle perd du sang. Elle a dépensé tout son argent chez les médecins, mais personne n’a pu la guérir. Elle arrive derrière Jésus et elle touche le bord de son vêtement. Aussitôt son sang s’arrête de couler. Jésus demande : « Qui m’a touché ? » Tous répondent : « Ce n’est pas nous ! » Pierre dit à Jésus : « Maître, ce sont les gens autour de toi qui te serrent ! » Mais Jésus dit : « Quelqu’un m’a touché. Oui, j’ai senti qu’une force était sortie de moi. » La femme voit qu’elle ne peut pas rester cachée. Alors, en tremblant, elle vient se jeter aux pieds de Jésus. Devant tout le monde, elle raconte pourquoi elle a touché Jésus et comment elle a été guérie tout de suite. Jésus lui dit : « Ta foi t’a sauvée, va en paix ! » Pendant que Jésus dit cela, quelqu’un arrive de chez Jaïrus, le chef de la maison de prière. Il lui dit : « Ta fille est morte, ne dérange plus le maître ! » Jésus l’entend et il dit à Jaïrus : « N’aie pas peur ! Crois seulement, et ta fille sera sauvée ! » Jésus arrive à la maison. Avec lui, il laisse entrer seulement Pierre, Jean et Jacques avec le père et la mère de la petite fille. Tous les gens pleurent et ils sont dans le deuil à cause d’elle. Jésus leur dit : « Ne pleurez pas ! Elle n’est pas morte, elle dort. » Les gens se moquent de lui. En effet, ils savent qu’elle est morte. Mais Jésus prend la main de la petite fille et il l’appelle en disant : « Mon enfant, réveille-toi ! » Elle revient à la vie et elle se lève tout de suite. Jésus commande de lui donner à manger. Ses parents sont vraiment très étonnés, mais Jésus leur donne cet ordre : « Ne dites à personne ce qui s’est passé ! »

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:40-56 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan kon sa te prèske mouri. Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè, men yo youn pa t ka geri li. Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?” Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?” Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.” Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.” Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.” Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:40-56 New International Version (NIV)

Now when Jesus returned, a crowd welcomed him, for they were all expecting him. Then a man named Jairus, a synagogue leader, came and fell at Jesus’ feet, pleading with him to come to his house because his only daughter, a girl of about twelve, was dying. As Jesus was on his way, the crowds almost crushed him. And a woman was there who had been subject to bleeding for twelve years, but no one could heal her. She came up behind him and touched the edge of his cloak, and immediately her bleeding stopped. “Who touched me?” Jesus asked. When they all denied it, Peter said, “Master, the people are crowding and pressing against you.” But Jesus said, “Someone touched me; I know that power has gone out from me.” Then the woman, seeing that she could not go unnoticed, came trembling and fell at his feet. In the presence of all the people, she told why she had touched him and how she had been instantly healed. Then he said to her, “Daughter, your faith has healed you. Go in peace.” While Jesus was still speaking, someone came from the house of Jairus, the synagogue leader. “Your daughter is dead,” he said. “Don’t bother the teacher anymore.” Hearing this, Jesus said to Jairus, “Don’t be afraid; just believe, and she will be healed.” When he arrived at the house of Jairus, he did not let anyone go in with him except Peter, John and James, and the child’s father and mother. Meanwhile, all the people were wailing and mourning for her. “Stop wailing,” Jesus said. “She is not dead but asleep.” They laughed at him, knowing that she was dead. But he took her by the hand and said, “My child, get up!” Her spirit returned, and at once she stood up. Then Jesus told them to give her something to eat. Her parents were astonished, but he ordered them not to tell anyone what had happened.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:40-56 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A son retour en Galilée, Jésus fut accueilli par la foule, car tous l’attendaient. A ce moment survint un homme appelé Jaïrus. C’était le responsable de la synagogue. Il se jeta aux pieds de Jésus et le supplia de venir chez lui : sa fille unique, âgée d’environ douze ans, était en train de mourir. Jésus partit donc pour se rendre chez lui. Cependant, la foule se pressait autour de lui. Il y avait là une femme atteinte d’hémorragies depuis douze ans et qui avait dépensé tout son bien chez les médecins sans que personne ait pu la guérir. Elle s’approcha de Jésus par-derrière et toucha la frange de son vêtement. Aussitôt, son hémorragie cessa. – Qui m’a touché ? demanda Jésus. Comme tous s’en défendaient, Pierre lui dit : Voyons, Maître, la foule t’entoure et te presse de tous côtés. Mais il répondit : Quelqu’un m’a touché ; j’ai senti qu’une force sortait de moi. En voyant que son geste n’était pas passé inaperçu, la femme s’avança toute tremblante, se jeta aux pieds de Jésus et expliqua devant tout le monde pour quelle raison elle l’avait touché, et comment elle avait été instantanément guérie. Jésus lui dit : Ma fille, parce que tu as eu foi en moi, tu es guérie, va en paix. Il parlait encore quand quelqu’un arriva de chez le responsable de la synagogue et lui dit : Ta fille vient de mourir, n’importune plus le Maître ! En entendant cela, Jésus dit à Jaïrus : Ne crains pas, crois seulement : ta fille guérira. Une fois arrivé à la maison, il ne permit à personne d’entrer avec lui, sauf à Pierre, Jean et Jacques, ainsi qu’au père et à la mère de l’enfant. Ce n’était partout que pleurs et lamentations. Jésus dit : Ne pleurez pas ; elle n’est pas morte, elle est seulement endormie. Les gens se moquaient de lui, car ils savaient qu’elle était morte. Alors Jésus prit la main de la fillette et dit d’une voix forte : Mon enfant, lève-toi ! Elle revint à la vie et se mit aussitôt debout ; alors Jésus ordonna de lui donner à manger. Les parents de la jeune fille étaient stupéfaits. Mais Jésus leur recommanda de ne dire à personne ce qui s’était passé.

Pataje
Li Lik 8

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an