YouVersion Logo
Search Icon

2 Timote 3

3
Ki jan moun ap ye nan dènye jou yo
1Mete #1 Tim 4.1 sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. 2Moun #Wòm 1.29 pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. 3Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. 4Y'a #Fil 3.19 trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye. 5Y'ap #Mat 7.15,21; Wòm 2.20; Tit 1.16 fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm. 6Gen #Mat 23.14; Tit 1.11 ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo. 7Medam #2 Tim 2.25 sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a. 8Menm #Egz 7.11,22; 1 Tim 6.5; 1.12 jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li. 9Men, yo p'ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.
Dènye konsèy pou Timote
10Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m, nan jan mwen kenbe fèm, 11nan #Tra 13.50; 14.5,19; Sòm 34.19 pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m Antyòch, Ikonyòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m anba yo tout. 12Tout #Mat 16.24; Tra 14.22 moun ki vle rete viv fidèl ak Jezikri, yo gen pou yo soufri pèsekisyon. 13Men, #1 Tim 4.1 mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou. 14Kanta #2 Tim 2.2 ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo. 15Depi #Jan 5.39; Sòm 119.99 ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. 16Tou #2 Pyè 1.19-21; Wòm 15.4 sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. #3.16: Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo: Ou ankò Tou sa ki sòti nan Lespri Bondye a, ki ekri nan Liv la, yo la pou moutre moun verite a. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. 17Konsa, #1 Tim 6.11 yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.

Currently Selected:

2 Timote 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy