1
Kol 2:6-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.
Compare
Explore Kol 2:6-7
2
Kol 2:8
Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris.
Explore Kol 2:8
3
Kol 2:13-14
Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo. Li anile dokiman kote kondanasyon nou te siyen an: li te elimine l, lè l te mouri sou kwa a.
Explore Kol 2:13-14
4
Kol 2:9-10
Mwen di sa, paske tout sa Bondye ye, li parèt aklè nan kò fizik Jezikris san manke anyen. Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite.
Explore Kol 2:9-10
5
Kol 2:16-17
Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye.
Explore Kol 2:16-17
Home
Bible
Plans
Videos