1
Pwovèb 26:4-5
1998 Haïtienne
HAT98
Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo. Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.
Compare
Explore Pwovèb 26:4-5
2
Pwovèb 26:11
Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
Explore Pwovèb 26:11
3
Pwovèb 26:20
Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
Explore Pwovèb 26:20
4
Pwovèb 26:27
Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.
Explore Pwovèb 26:27
5
Pwovèb 26:12
Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
Explore Pwovèb 26:12
6
Pwovèb 26:17
Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l, se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
Explore Pwovèb 26:17
Home
Bible
Plans
Videos