Jan 6:56-69
Jan 6:56-69 HAT98
Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan. Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay. Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: — Pawòl sa a di. Ki moun ki ka sipòte tande yon koze konsa? Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: — Sa ofiske nou, pa vre? Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l te ye anvan an? Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi. Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.) Li di ankò: — Se poutèt sa mwen te di nou: pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li. Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò. Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: — Nou menm, nou pa vle ale tou? Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.





