YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 8:41-43

1 Wa 8:41-43 HAT98

Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a sòti byen lwen vini isit la poutèt ou, paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouray ou, si li vin lapriyè nan Tanp sa a, tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.