Travay 1:21-22
Travay 1:21-22 HAT98
— Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Senyè Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Senyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a, depi lè Jan te batize l la jouk jou li te kite nou an pou l moute nan syèl la.