Tite 3

3
1Raple yo #Wo 13:1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e#II Tim 2:21prè pou tout bon zèv 2pou pa di mal de pèsòn, men toujou #I Tim 3:3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 # Wo 11:30 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan #II Tim 3:13twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4Men lè #Wo 2:4bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5Li te sove nou, #Ef 2:9pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6#Wo 5:5ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin #Mat 25:34eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou #Tit 2:7,14angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9Men #II Tim 2:16evite #I Tim 1:4konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman #II Jn 10rejte yon nonm #Wo 16:17k ap mete divizyon. 11Byen konnen ke yon moun konsa #Tit 1:14pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou #II Tim 4:9fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13Byen vit, voye avoka a, Zénas ak #Trav 18:24Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14Moun pa nou yo dwe osi aprann #Tit 3:8angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke #Mat 7:19bay fwi.
15Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou #I Tim 1:2nan lafwa yo. #Kol 4:18Ke lagras avèk nou tout.

اکنون انتخاب شده:

Tite 3: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید