Women Yo 6

6
1Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap #Wo 3:8kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan #Trav 2:38Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4Konsa, nou gen tan #Kol 2:12antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5Paske #II Kor 2:10si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6Byen rekonesan ke #Ef 4:22ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. 8Alò #Wo 6:4si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9Paske nou konnen ke Kris ki te #Trav 2:24leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11Menm jan konsidere nou menm kòm #Wo 6:2mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12Konsa, pa kite peche #Wo 6:14reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men #Wo 12:1prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14Paske #Wo 8:6peche pa dwe mèt nou, paske #Wo 7:4nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15Kisa Ankò? #Wo 6:1Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm #Jn 8:34esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a #II Tim 1:13menm doktrin ke nou te resevwa a. 18Epi lè nou te #Jn 8:32libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan #Wo 6:13ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20Paske #Mat 6:24lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21Donk Ki #Jr 12:13benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22Men koulye a ke nou gen tan #Jn 8:32fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. 23Paske salè a #Wo 6:16peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

اکنون انتخاب شده:

Women Yo 6: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید