Women Yo 12

12
1Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou #Wo 6:13,19prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa #Ef 4:23renouvèlman lespri nou, pou nou kapab #Ef 5:10,17pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou #Wo 11:20pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4Paske #I Kwo 12:12-14menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5konsa nou menm tou ki anpil, nou fè #I Kwo 12:20,27yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6Akoz nou gen don ki #Wo 12:3pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7si se #Trav 6:1fè sèvis, nan sèvi moun, si se #Trav 13:1enstwi, nan enstwi, 8si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; #I Tim 5:17si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9Se pou nou renmen #II Kwo 6:6san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10#Jn 13:34Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11Pa fè bak nan dilijans, rete #Trav 18:25zele nan lespri nou, ak #Trav 20:19nan sèvis Senyè a, 12#Wo 5:2rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon #Trav 5:14pèsevere nan lapriyè. 13#II Kwo 9:1Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou #Mat 25:35pratike ospitalite.
14 # Mat 5:44 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15#Job 30:25Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. #Pwov 3:7Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17#Pwov 20:22Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18Si se posib, otan ke li depann de nou #Mc 9:50rete anpè avèk tout moun. 19Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: #Det 32:35“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 # II Wa 6:22 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”
21Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

اکنون انتخاب شده:

Women Yo 12: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید