Nonb 25
25
1Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse #I Kor 10:8pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. 2Paske #Egz 34:15yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. 3Konsa, #Sòm 106:28-29Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
4SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, #Det 13:17pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
5Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va #Egz 32:27touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo mem avèk Baal Peor la.”
6Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm #Nonb 22:4Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. 7#Sòm 106:30Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, 8epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. #Nonb 16:46-48 Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. 9#Nonb 16:48-50Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
10Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11#Sòm 106:30“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo #Egz 20:5nan jalouzi pa Mwen an.
12“Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li #És 54:10akò lapè Mwen. 13Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò #Egz 29:9pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
14Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. 15Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a #Nonb 31:8Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. 16Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17#Nonb 25:1 “Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; 18paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
اکنون انتخاب شده:
Nonb 25: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith