Ésaïe 2
2
1Pawòl ke #És 66:24Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
2Alò, li va vin rive #Mi 4:1-3nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
3Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt #És 51:4-5soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
4Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
5Vini lakay Jacob;
annou mache nan #És 60:1-20limyè SENYÈ a.
6Paske ou te #Det 31:17abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
7Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò
e pou richès yo, nanpwen fen.
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,
e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
8Peyi yo anplis #És 10:11plen ak zidòl;
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
9Pou sa, lòm vin imilye;
e limanite vin bese.
Konsa, #Né 4:5pa padone yo.
10Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont #II Tes 1:9 laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
11 #
És 5:15
Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
12Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun #Job 40:11-12ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout #Za 11:2chenn Basan yo.
14Kont tout #És 40:4 mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15Kont tout #És 25:12fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16Kont tout #I Wa 10:22bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18Men #És 21:9zidòl yo va vin disparèt nèt.
19Tout moun va #És 2:10antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonnan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20Nan jou sa a, tout moun va #És 30:22jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21pou yo ka #És 2:19antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
22Sispann mete konfyans nan lòm;
souf vi li se sèl nan nen l.
#
És 40:15-17 Kisa li vo?
اکنون انتخاب شده:
Ésaïe 2: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith