1
I Tesalonisyen Yo 5:16-18
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Se pou nou rejwi nou tout tan. Priye san rete. Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
2
I Tesalonisyen Yo 5:23-24
Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri. Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
3
I Tesalonisyen Yo 5:15
Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
4
I Tesalonisyen Yo 5:11
Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
5
I Tesalonisyen Yo 5:14
Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
6
I Tesalonisyen Yo 5:9
Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
7
I Tesalonisyen Yo 5:5
Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.