YouVersion Logo
Search Icon

Efez 4:17-32

Efez 4:17-32 VKF

Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote. Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di. Yo vin pèdi tout wont nan lespri yo, wont pou ta fè yo pa ta lage kò yo nan tout kalite vis. Okontrè, se tout kalite bagay sal yo vle fè pi plis. Men nou menm, se pa mòd lavi sa a nou te aprann, lè nou te vin jwenn Kris. Poutèt nou te tande pale de Jezi, epi yo te anseye nou verite a ki nan Kris la. Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou. Nou dwe pou n vin moun nouvo, ni nan kè nou ni nan panse nou. Kounye a, se pou nou viv tankou yon moun nouvo ki fenk kreye pou l tankou Bondye, jis epi sen toutbon vre. Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a. “Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,” epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa. Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou. Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen. Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo. Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis. Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.