YouVersion Logo
Search Icon

Trav 2:1-13

Trav 2:1-13 VKF

Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote. Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a. Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo. Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo. Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè. Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo. Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile yo tout ye? Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou? Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi. Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou. Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?” Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?” Men gen lòt menm ki t ap pase disip yo nan betiz, yo t ap di: “Yo genlè bwè twòp diven, yo dwe sou.”