YouVersion Logo
Search Icon

1 Jan 3

3
Nou se pitit Bondye
1Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye. 2Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a. 3Epi nenpòt moun ki genyen esperans sa a nan kris la, li kenbe tèt li pwòp menm jan ak Jezikris.
4Nenpòt moun k ap fè peche, li dezobeyi lalwa Bondye tou, paske peche se dezobeyisans lalwa Bondye. 5Epitou, nou konnen sa, Jezikris te vini pou li wete peche epi li pa gen peche nan li. 6Nenpòt moun ki rete nan li pa kontinye nan peche; nenpòt moun ki kontinye nan peche pa t janm konprann Kris vrèman, epi li pa t menm konnen l.
7Pitit mwen yo, pa kite pyès moun twonpe nou, sila a k ap fè sa ki dwat, li menm tou, li dwat menm jan Pitit la dwat. 8Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.
9Nenpòt moun ki soti nan Bondye p ap kontinye fè peche, paske nouvo lavi Bondye ba li a#3:9 nouvo lavi Bondye ba li a Vle di Literalman, “semans li a”. rete nan li, li pa kapab ap fè peche, paske se nan Bondye li soti. 10Men sa ki distenge pitit Bondye yo ak pitit satan yo: Nenpòt moun ki pa pratike sa ki dwat epi ki pa renmen frè l ak sè l, li pa soti nan Bondye.
Nou dwe genyen lanmou youn pou lòt
11Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt. 12Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.
13Frè m ak sè m, nou pa dwe sezi lè moun ki nan mond lan rayi nou. 14Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò. 15Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.
16Men kijan nou konnen sa lanmou ye: Jezi bay pwòp lavi l pou nou, menm jan an tou, nou dwe bay lavi nou pou frè ak sè nou yo. 17Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun kon sa kapab di lanmou Bondye rete nan li? 18Pitit mwen yo, se pa pou nou renmen ak pawòl sèlman, men se pou nou montre nou renmen toutbon vre.
19Konsa, n ap sèten nou se moun ki nan verite a epi devan Bondye, n ap gen konsyans nou klè. 20Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.
21Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye. 22Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi. 23Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa. 24Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.

Currently Selected:

1 Jan 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in