Sòm Yo 40
40
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1Mwen te #Sòm 25:5tann avèk pasyans SENYÈ a.
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
2Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,
sòti deyò gwo ma ajil la.
Li te mete pye m sou wòch la e
te #Sòm 37:23fè m kanpe byen fèm.
3Li te mete yon #Sòm 32:7chanson nèf nan bouch mwen,
yon chan lwanj Bondye nou an.
Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va
mete konfyans nan Bondye.
4A la #Sòm 34:8beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
e ki pa t vire vè moun ògèy yo,
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
5Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,
se #Job 5:9mèvèy ke Ou te fè yo,
ak panse Ou yo anvè nou.
Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.
Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,
yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
6 #
I Sam 15:22
Sakrifis avèk ofrann sereyal,
Ou pa t dezire yo.
Ou te ouvri zòrèy mwen.
Ofrann brile avèk ofrann peche yo,
Ou pa t mande yo.
7Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.
Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.
8 #
Jn 4:34
Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.
Lalwa Ou nan kè m.”
9Mwen te #Sòm 22:22pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;
Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;
O SENYÈ, Ou konnen.
10Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
11Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
#
Sòm 43:3
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
12Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.
#
Sòm 38:4
Inikite mwen yo te fin pran m nèt
jiskaske mwen pa t kab wè.
Yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Kè m fin fè fayit.
13 #
Sòm 22:19
Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.
Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
14Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,
sila ki #Sòm 63:9chache lavi mwen pou detwi li.
Kite sila yo vire fè bak e dezonore,
sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
15Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,
sila ki #Sòm 35:21di mwen: “Wayan, wayan!”
16Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e
fè kè kontan nan Ou.
Kite tout sila ki renmen sali Ou yo
#
Sòm 35:27
pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab
leve wo!”
17Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,
#
Sòm 40:5
kite SENYÈ a toujou sonje mwen.
Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.
Pa fè reta, O Bondye mwen an.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 40: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith