Sòm Yo 39
39
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
1Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa #Job 2:10fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
2Mwen te #Sòm 38:13tankou bèbè e mwen te rete an silans.
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.
Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
3 #
Sòm 32:4
Kè m te cho anndan m.
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.
Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
4SENYÈ, fè m konnen #Job 6:11longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, #Sòm 89:47se yon sèl grenn souf.
6Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
#
I Kor 7:31
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
7Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
#
Sòm 38:15
Espwa m se nan Ou.
8 #
Sòm 51:9-14
Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
9Mwen tounen tibebe.
Mwen pa ouvri bouch mwen,
akoz se #II Sam 16:10Ou ki te fè sa.
10 #
Job 9:34
Rete touman Ou sou mwen.
Kou men Ou venk mwen.
M ap peri.
11Avèk repwòch, Ou fè chatiman
a yon nonm pou inikite li.
Ou #Job 13:28manje tankou mit nan rad sa ki konsidere
pi chè pou li menm nan.
Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
12Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e
prete zòrèy Ou a kri mwen.
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.
Paske mwen se yon etranje devan Ou,
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
13 #
Job 7:19
Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,
avan ke m mouri pou m pa la ankò.”
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 39: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith