Sòm Yo 41
41
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li #Sòm 27:5nan jou twoub li.
2SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li #Sòm 27:12 p ap livre a volonte lènmi li yo.
3SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
4Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.
Geri nanm mwen paske #Sòm 51:4 mwen te peche kont Ou.”
5Lènmi m yo #Sòm 38:12pale mal kont mwen:
“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
6Si li vin wè m, li #Sòm 12:2bay manti.
Kè li ranmase mechanste pou kont li.
Lè l sòti deyò, li pale sa.
7Tout sila ki rayi mwen yo
soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.
Kont mwen, yo #Sòm 56:5fè plan pou
donmaje mwen epi yo di:
8“Yon bagay mechan gen tan pran l,
pou lè l kouche, pou l #Sòm 71:10-11pa leve ankò.”
9Menm #II Sam 15:12zanmi ki te pre m nan,
nan sila mwen te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen,
te leve talon li kont mwen.
10Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e #Sòm 3:3fè m leve
pou m kab bay yo rekonpans yo.
11Se konsa #Sòm 37:23mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.
Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
12Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,
epi Ou mete mwen #Job 36:7nan prezans Ou
jis pou tout tan.
13 #
Sòm 72:18-19
Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.
Amen e amen.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 41: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith