Sòm Yo 32

32
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
1 # Sòm 85:2 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
2A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila #Jn 1:47 ki pa gen manti a.
3Lè m te #Sòm 39:2-3kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
4Paske lajounen kon lannwit,
# I Sam 5:6 men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
5Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: #I Jn 1:9“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
6Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
# Sòm 69:13 nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote Li ankò.
7Ou se kote ke m konn kache a.
Ou #Sòm 121:7 pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
8Mwen va #Sòm 25:8enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9Pa fè #Pwov 26:3tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10Anpil se #Wo 2:9tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout #Sòm 7:10ki dwat nan kè nou yo.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 32: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió