Sòm Yo 31
31
Yon Sòm David
1Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.
Pa janm kite mwen #Sòm 25:2vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen.
2Panche zòrèy W bò kote mwen.
Delivre mwen byen vit.
Devni pou mwen #Sòm 18:2wòch ki ban m fòs,
yon sitadèl ki pou sove m.
3Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
4Ou va rale m sòti nan filè ke yo te
prepare an sekrè pou mwen an,
paske se Ou ki fòs mwen.
5 #
Luc 23:46
Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.
Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
6Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,
men nan Bondye, mwen #Sòm 52:8mete konfyans mwen.
7Mwen va rejwi e fè kè kontan nan
lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.
Ou te #Sòm 10:14wè soufrans a nanm mwen.
8 #
Det 32:30
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.
Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
9Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
#
Sòm 39:11
Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè #Sòm 69:19abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12Mwen fin #Sòm 88:5bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse moun.
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13Paske mwen konn tande kout lang
anpil moun, laperèz toupatou.
#
Mat 27:1
Yo pran konsèy ansanm kont mwen.
Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: #Sòm 140:6“Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15Moman mwen yo nan men Ou.
#
Sòm 143:9 Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.
#
Sòm 6:4
Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,
paske se Ou ke m rele.
18Kite lèv ki manti yo sispann,
sila yo ka p #Jd 15 pale ak awogans kont moun dwat yo,
k ap fè ògèy pou desann moun.
19Men a la gran, #És 64:4bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout #Sòm 37:12 manèv a lòm.
Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj
kont konplo a tout lang lèzòm.
21Beni se SENYÈ a,
paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a
anvè mwen nan yon #I Sam 23:7 vil byen fò.
22Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:
“Mwen #És 38:11-12koupe retire nèt devan zye Ou”.
Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m te kriye a Ou menm.
23O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!
SENYÈ a toujou #Sòm 145:20prezève moun fidèl yo,
e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
24Kenbe fèm e #Sòm 27:14kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 31: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith