Sòm Yo 33

33
1Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj #Sòm 92:1bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
2 # Sòm 71:22 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon #Sòm 98:4gwo kri lajwa.
4Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt #Sòm 119:90 avèk fidelite.
5Li #Sòm 11:7renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
6Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, #Jen 2:1tout lame syèl yo.
7Li ranmase tout #Egz 15:8dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8Kite #Sòm 67:7tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
9Paske #Jen 1:3Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10SENYÈ a #Sòm 2:1-3ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo.
11 # Job 23:12 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13pèp ke Li te #Egz 19:5 chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a #Job 28:24gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
14Soti nan #I Wa 8:39-43abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
15Li menm ki #Job 10:8fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo.
16 # Sòm 44:6 Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17Yon cheval se yon #Sòm 20:7fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki #Sòm 32:10mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19pou #Sòm 56:13delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20Nanm nou #És 8:17ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21Paske #Za 10:7kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 33: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió