Job 41

41
1Èske ou ka rale #Sòm 74:14Levyatan an deyò ak yon zen lapèch?
Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
2Èske ou kab #II Wa 19:28mete yon kòd nan nen l,
oswa pèse machwè l ak yon zen?
3Èske l ap fè ou anpil siplikasyon,
oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
4Èske l ap fè yon akò avèk ou?
Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
5Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo,
oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
6Èske komèsan yo va fè komès avè l?
Èske y ap divize li pami machann yo?
7Èske ou kab plen po li ak gwo lans,
oswa tèt li ak fren lapèch?
8Poze men ou sou li! Sonje batay la byen!
Ou p ap fè l ankò
9Gade byen, esperans ou fo.
Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
10Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante #Job 3:8fè l leve.
Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
11Kilès ki te #Wo 11:35ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li?
Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
12Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo,
oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
13Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li?
Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
14Kilès ki kab ouvri pòt figi li?
Gwo laperèz antoure dan l.
15Gwo kal li yo se gran ògèy li;
yo fèmen byen byen di.
16Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
17Yo jwenn youn ak lòt;
yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
18Lè li estène, li fè limyè vin parèt;
e zye li tankou #Job 3:9pòpyè zye nan maten.
19Tòch dife yo sòti nan bouch li;
sann volan yo vòltije vin parèt.
20Sòti nan nen l, se lafimen;
konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi,
oswa fèy sèch k ap pran dife.
21Souf li ka limen chabon,
e flanm yo sòti nan bouch li.
22Kou li se yon rezèvwa fòs
e gwo laperèz danse devan l.
23Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm;
byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
24Kè li di tankou wòch,
di menm tankou gwo wòch moulen.
25Lè l leve pi pwisan yo vin pè;
akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
26Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen,
ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
27Pou li moso fè se konsi se pay;
bwonz se tankou bwa pouri.
28Flèch pa kab fè l sove ale;
wòch fistibal se kras raje devan l.
29Baton yo menm se pay.
Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
30Pati anba li se tankou cha kanari;
li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
31Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm;
li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
32Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye;
konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
33Nanpwen #Job 40:19anyen sou latè ki tankou li;
yon bèt ki fèt san pè anyen.
34Li gade sou tout bagay ki wo;
Li se wa sou tout #Job 28:8fis ògèy yo.

S'ha seleccionat:

Job 41: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió