Job 42
42
1Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
2“Mwen konnen ke #Jen 18:14Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
3Ou te mande: ‘Kilès sila ki #Job 38:2kache konsèy san konesans lan?’”
“Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;
bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
4Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;
Mwen va #Job 38:3mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
5“ Konsa, Mwen te kon #Wo 10:17tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
6Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
7Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, #Job 40:3-5tankou sèvitè Mwen Job te fè a. 8Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon #Job 1:5ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
9Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
10SENYÈ a te #Sòm 85:1-3restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis. 11Konsa, tout #Job 19:13frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.
12 #
Job 1:10
SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik. 13#Job 1:2Li te gen sèt fis ak twa fi. 14Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc. 15Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo. 16Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon. 17Konsa, #Jen 15:15Job te mouri, granmoun e plen ak jou.
S'ha seleccionat:
Job 42: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith