Job 40

40
1Anplis, SENYÈ a te di a Job:
2“Èske li k ap jwenn fot va #És 45:9fè kont ak Tou Pwisan an?
Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
3Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
4“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?
Mwen #Job 21:5poze men m sou bouch mwen.
5Yon fwa mwen te pale e #Job 9:3-15mwen pa p replike l;
menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
6Konsa, #Job 38:1SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va #Job 38:3mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
8Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka #Job 37:5gwonde tankou pa L la?
10 # Sòm 93:1 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.
Mete sou ou lonè ak laglwa.
11Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap #És 42:25debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e #I Sam 2:7fè yo bese, vin ba.
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13 # És 2:10-12 Kache yo ansanm nan pousyè a.
Mare figi yo nan plas kache a.
14Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15Gade byen Beyemòt la #Job 40:19ke M te fè
menm tankou Mwen te fè w la;
Li manje zèb tankou bèf.
16Gade koulye a, fòs li nan ren li,
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17Li koube ke li tankou yon sèd;
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;
janm li tankou ba fè.
19Li se #Job 41:33premye nan chemen Bondye a;
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20Anverite, mòn yo #Sòm 104:14mennen bay li manje
kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
21Anba zèb dlo, li kouche;
nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;
li gen konfyans malgre #Jen 13:10Jourdain an rive jis nan bouch li.
24Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

S'ha seleccionat:

Job 40: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió