Job 39
39
1“Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit?
Èske ou konn wè lè #Sòm 29:9sèf yo metba?
2Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo,
oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
3Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt,
yo fòse fè doulè yo fini nèt.
4Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib;
yo ale e yo pa retounen kote yo.
5“Se kilès ki te fè #Job 6:5bourik mawon yo vin lib?
Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
6ke Mwen te bay #Jr 2:24savann nan kon abitasyon li,
ak tè sale a kon kote pou l rete a?
7Li pa bay valè a zen lavil la;
kri a chofè yo, li pa okipe yo.
8Li chache nan tout mòn yo pou manje l
e chache jwenn tout sa ki vèt.
9“Èske #Sòm 22:21bèf mawon va dakò pou sèvi ou,
oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
10Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l
rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
11Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li,
e kite l responsab travay ou?
12Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay,
o ranmase seryel sou glasi vannen an?
13“Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa,
men èske se plimaj lanmou?
14Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a
pou yo ka chofe yo nan pousyè,
15Li bliye yon grenn pye ka kraze yo,
oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
16Li maltrete pitit li yo #Lam 4:3ak mechanste, konsi yo pa t pou li;
menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
17Akoz Bondye te fè li bliye sajès li,
e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
18Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
19Èske se ou ki te bay cheval la fòs?
Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
20Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt?
#
Jr 8:16 Gran souf ki sòti nan nen l byen etonnan.
21Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li.
Li #Jr 8:6sòti parèt pou rankontre zam yo.
22Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent.
Li pa vire fè bak devan nepe;
23fouwo soukwe akote l,
lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
24Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a,
e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
25Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’
Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
26Èske se pa bon konprann ou ke malfini an
konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
27Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo
pou fè #Jr 49:16nich li nan wotè?
28Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li,
sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
29Se la li #Job 9:26veye manje li;
zye li wè l soti lwen.
30Pitit li yo, anplis, konn souse san;
epi #Mat 24:28kote mò yo ye; se la li ye.”
S'ha seleccionat:
Job 39: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith