Revelasyon 14:9-11
Revelasyon 14:9-11 BSA
Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.





