Ebre Yo 11:24-27
Ebre Yo 11:24-27 BSA
Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan. Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.





