YouVersion Logo
Search Icon

Mat 25:1-30

Mat 25:1-30 VKF

Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo. A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l. Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri! Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo. Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la. Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou! Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou! Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen. Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan. Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè. Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou! Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou! Sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an vini. Li di mèt la: Mwen te konnen ou se nèg ki di. Ou rekòlte kote w pa t simen grenn. Ou ranmase fwi kote w pa t plante. Mwen te pè. Konsa mwen te sere lajan w nan anba tè. Men lajan w, mwen pot tounen ba ou! Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante, pouki ou pa t met lajan m nan labank? Konsa, m ta jwenn yon ti enterè sou li. Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen. Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy