YouVersion Logo
Search Icon

Lik 14

14
Se nòmal pou geri moun nan jou repo a
1Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon. 2Te gen yon nonm ki te gen yon maladi anfle te la tou devan Jezi. 3Jezi pran lapawòl, li poze doktè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo kesyon sa a: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a, oubyen non?” 4Kòm pèsonn pa t reponn, Jezi pran nonm nan, li geri li epi li voye l ale. 5Apre sa Jezi di yo: “Sipoze youn nan nou la a ta gen yon pitit gason l osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ou t ap retire l nan pi a menm lè a, pa vre?” 6Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be.
Pa pran pòz enpòtan w
7Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a. 8“Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. 9Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan.
10Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. 11Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Ou ap jwenn rekonpans ou
12Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy. 13Okontrè, lè ou ap fè yon festen, se pou envite pòv yo, kokobe yo ak avèg yo. 14Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”
Yon istwa konsènan moun yo te envite nan yon festen
(Mat 22:1-10)
15Youn nan moun yo ki te chita bò tab la avèk Jezi, lè l tande sa Jezi te di yo, li pran lapawòl li di: “Ala gwo benediksyon pou nenpòt moun ki manje yon repa nan Wayòm Bondye a!”
16Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. 17Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. 18Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m. 19Yon lòt moun di: Mwen fèk sot achte dis (10) bèf pou m fè travay mwen mache. Fòk mwen al eseye yo. Silvouplè, eskize m. 20Yon twazyèm moun di: Mwen fèk sot marye ak yon jenn fi la a, kidonk m pa ka nan al nan fèt kounye a.
21Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini.
22Lè sèvitè a fin i, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. 23Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt. 24Paske m ap di ou sa, menm youn nan moun mwen te envite anvan yo p ap goute nan manje fèt la.”
Fòk ou deside si ou kapab swiv mwen
(Mat 10:37-38)
25Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: 26“Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. 27Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen.
28Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? 29Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. 30Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fin i.
31Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. 32Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè.
33Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”
Bat pou ou pa pèdi enfliyans ou
(Mat 5:13; Mak 9:50)
34“Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li,#14:34 pèdi gou sale li Nan peyi Izrayèl, yo te konn pran sèl oubyen nan Lanmè Mòt oubyen nan Lanmè Mediterane. Poutèt sèl la te gen mineral ladan l, depi li kontre ak imidite, li te konn pèdi gou sale a. Yo te konn melanje bon sèl la avèk matyè bèt pou fè dife pou kwit manje. Lè matyè a melanje ak sèl la li pran dife pi byen. Moun yo te konn itilize bon sèl la kòm angrè tou. ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? 35Yon sèl kon sa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete.
Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”

Currently Selected:

Lik 14: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy