YouVersion Logo
Search Icon

Gal 3

3
Kretyen Galat yo te resevwa Sentespri a
1Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye? 2Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l. 3Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs kon sa tankou sikonsizyon#3:3 tankou sikonsizyon Literalman, “avèk lachè”. Pòl itilize fraz sa a pou l pale sou feblès lachè lèzòm genyen. Men nan lèt sa a, li vle fè referans dirèk ak sikonsizyon espesyalman (6:12, 13), yon sijè ki te nan mitan dezakò ant Pòl ak moun ki t ap mete “latwoublay” nan lespri kwayan peyi Galat yo (gade nan 1:7).? 4Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi. 5Bondye ki te ba nou Sentespri a epi ki te fè tout mirak sa yo nan mitan nou, èske li te fè sa paske nou te fè sa lalwa mande, oubyen paske nou te kwè nan mesaj nou te tande a?
6Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.#Jen 15:6. 7Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. 8Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”#Jen 12:3. 9Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou.
10Men, tout moun ki patisipe nan fè sa lalwa mande, yo anba malediksyon. Paske Bib la di: “Malediksyon Bondye ap tonbe sou tout moun ki pa toujou pratike tout sa ki ekri nan liv lalwa a.”#Det 27:26. 11Bon! Nou tout konnen Bondye p ap deklare pèsonn dwat devan l paske moun nan obeyi lalwa. Men sa Bib la di: “Moun ki dwat devan Bondye, l ap viv dapre lafwa li.”#3:11 Moun ki dwat … dapre lafwa li Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4.
12Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.”#3:12 Gade nan Lev 18:5. 13Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,#3:13 pann sou yon bwa Det 21:22-23 di, lè yo touye yon moun poutèt li fè sa ki mal, yo te pann kò a sou yon bwa pou montre kijan se yon wont. Pòl vle di lakwa Jezi a se te menm bagay. moun sa a anba malediksyon”.#Det 21:23. 14Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.
Pwomès la vini anvan lalwa
15Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l. 16Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris. 17Men sa m vle di: Bondye te fè yon testaman, epi li te ratifye l. Katsantrantan apre sa, Bondye vin bay lalwa Moyiz la. Konsa, lalwa ki vin apre a, pa kapab anile testaman an pou pwomès la ta vin pa kenbe ankò.
18Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.
19Alò, pou kisa Bondye te bay lalwa a? Bondye te ajoute l sou pwomès la pou nou te ka konnen lè nou peche. Lalwa te nesesè pou jouktan desandan Abraram nan te vini. Bondye te sèvi ak anj pou l bay Moyiz lalwa a, epi Moyiz te sèvi kòm medyatè pou bay pèp Bondye a lalwa a. 20Men lè Bondye te bay pwomès la, pa gen medyatè, paske pa bezwen medyatè lè se yon sèl desandan ki genyen, Bondye se yon sèl, epi gen yon sèl desandan an.#3:20 Literalman, “Li pa medyatè yon sèl, epi Bondye se yon sèl.”
Bi Lalwa Moyiz la
21Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye. 22Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,#3:22 konfyans yo nan Jezikris Oubyen “fidelite Jezikris”. li menm ki fidèl.
23Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an. 24Konsa, lalwa te tankou yon gadò pou nou jouktan Kris vini pou Bondye te ka deklare nou dwat devan l dapre lafwa nou. 25Kounye a, lafwa vini, nou pa anba siveyans lalwa a ankò.
26Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris. 27Nou tout ki te batize nan Kris nou te abiye ak Kris. 28Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris. 29Poutèt nou se moun pa Kris, nou se desandans Abraram. Nou se eritye dapre pwomès la.

Currently Selected:

Gal 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in