YouVersion Logo
Search Icon

Trav 28:17-31

Trav 28:17-31 VKF

Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.” Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.” Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a: Ale kote pèp sa a epi di li: Ou ap koute sou koute, men ou p ap konprann anyen. Ou ap gade sou gade, men ou p ap wè anyen. Kè pèp sa a vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo. Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.