YouVersion Logo
Search Icon

Trav 28:1-16

Trav 28:1-16 VKF

Lè nou te vin ansekirite sou zile a, nou te aprann zile a te rele Malta. Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou. Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li. Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.” Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen. Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!” Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l. Lè sa a tout moun ki te malad sou zile a te vin jwenn Pòl, epi Pòl geri yo. Moun yo te montre anpil respè pou nou. Lè lè a rive pou nou pati, yo ban nou tout sa nou te gen bezwen pou vwayaj la. Apre twa mwa, nou pati sou yon bato ki te sot Aleksandri. Devan bato a te gen yon siy, se te siy non Bato a “De dye Jimo” ki te pase move tan an sou zile a. Nou rive nan Sirakiz epi nou rete la pandan twa jou. Apre sa, nou swiv kot la rive yon kote yo rele Regyo; yon van sid vin leve nan denmen. Nan de jou nou te rive Pouzòl kote nou jwenn plizyè kretyen ki mande nou pou n rete pase sèt jou avèk yo. Se kon sa nou te rive lavil Wòm. Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis ak Twa Otèl. Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje. Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.