YouVersion Logo
Search Icon

Jan 1

1
Pawòl la se limyè, se lavi
1Nan kòmansman, Pawòl la #1 Jan 1.1,2; Jan 17.5; Rev 19.13 te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye. 2Pawòl #Pwo 8.22 la te la avèk Bondye depi nan konmansman. 3Se #Kol 1.16,17; Eb 1.2 ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. 4Lavi, #Jan 5.26 se nan li sa te ye. #1.4: Lavi, se nan li sa te ye: Ou ankò Tou sa ki te fèt te gen lavi gremesi Pawòl la. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. 5Limyè a #Jan 3.19 klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.
6Bondye #Lik 1.13-17,57-80; Mat 3.1; Mak 1.4 te voye yon nonm ki te rele Jan. 7Li #Lik 3.3 te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesay li a te ka kwè. 8Se #Jan 1.20 pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a. 9Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.
10Pawòl #Jan 1.3-5 la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. 11Li te vin nan mitan pèp li a, men pèp li a pa te resevwa li. 12Men, #Gal 3.26 moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye. 13Yo #Jan 3.5,6 pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti.
14Pawòl #Eza 7.14; 2 Pyè 1.16,17; Eza 60.1; Lik 9.32 la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. 15Se #Jan 1.27,30; Mat 3.11 li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò:
— Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen.
16Nou #Jan 3.34; Kol 1.19 tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè. 17Si #Wòm 6.14; 10.4; Egz 34.6; Sòm 25.10; 40.10; 85.10 Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. 18Pesonn #Jan 6.46; 1 Jan 4.12; Mat 11.27; Lik 10.22; 1 Tim 6.16 pa janm wè Bondye. Men se sèl Pitit Bondye a, #1.18: Gen maniskri ki pa bay li menm ki nan sekrè Papa a. li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye.
Jan Batis ap preche
(Matye 3.1-12; Mak 1.1-8; Lik 3.1-18)
19Men #Lik 3.15,16 sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. 20Jan #Tra 13.25 pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun:
— Se pa mwen ki Kris la.
21Yo #Mat 17.10; Det 18.15; Jan 6.14; 7.40 mande li:
— Ki moun ou ye atò? Ou se Eli?
Jan reponn yo:
— Non, mwen pa Eli.
Yo di li:
— Ou se pwofèt la?
Li reponn yo:
— Non.
22Lè sa a yo di li:
— Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?
23Jan #Eza 40.3; Mat 3.3; Mak 1.3; Lik 3.4 reponn:
— Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)
24Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. 25Yo #Mat 21.25 mande li:
— Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun?
26Jan #Mat 3.11; Mak 1.7,8 reponn yo:
— Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. 27L'ap #Jan 3.26; Tra 13.25 vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li.
28Tout #Mat 3.6,13 bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun.
Jezi se ti mouton Bondye a
29Nan #Jan 1.36; Eza 53.7 denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di:
— Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. 30Men #Jan 1.15,27 moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. 31Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo.
32Jan #Mat 3.16; Mak 1.10; Lik 3.22 di yo:
— Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. 33#Lik 3.2; Mat 3.16 sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.
34Jan #Mat 3.17 di yo ankò:
— Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.
Premye disip Jezi yo
35Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. 36Li #Jan 1.29; Eza 53.7 wè Jezi ki t'ap pase, li di:
— Men ti mouton Bondye a.
37De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. 38Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo:
— Sa n'ap chache?
Yo mande li:
— Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)
39Li reponn yo:
— Vini non, n'a wè.
Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)
40Andre, #Mat 4.18-22 frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. 41Premye #1 Sam 2.10; Sòm 2.2 moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa:
— Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
42Li #Mat 16.18; Mak 3.16 mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di:
— Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)
Jezi rele Filip ak Natanayèl vin swiv li
43Nan #Mat 8.22; Mak 2.14 denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li:
— Swiv mwen.
44(Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) 45Apre #Det 18.18; Eza 7.14; 53.2; Jer 23.5; Eze 34.23 sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li:
— Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
46Natanayèl #Jan 7.41,52 di li:
— Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt?
Filip reponn li:
— Vini non, w'a wè.
47#Sòm 32.2; 73.1; Jen 25.27 Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li:
— Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
48Natanayèl mande li:
— Ki jan ou fè konnen mwen?
Jezi reponn li:
— Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.
49#2 Sam 7.14; Jan 6.69; Sòm 2.7; Mat 14.33; 16.16 sa a, Natanayèl di li:
— Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
50Jezi reponn li:
— Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou.
51Apre #Jen 28.12; Mat 4.11; Mak 1.13 sa, li di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Currently Selected:

Jan 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy