Matye 22:19-21
Matye 22:19-21 HAT98
Moutre m pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l yon pyès lajan. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: — Pòtre Seza ak non Seza ki sou li. Lè sa a, Jezi di yo: — Enben, bay Seza sa ki pou Seza. Epi bay Bondye sa ki pou Bondye.





