Egzòd 10:13-14
Egzòd 10:13-14 HAT98
Moyiz lonje baton l lan sou peyi Lejip la. Senyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pat janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.





