1
Revelasyon 8:1
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
Compare
Explore Revelasyon 8:1
2
Revelasyon 8:7
Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
Explore Revelasyon 8:7
3
Revelasyon 8:13
Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
Explore Revelasyon 8:13
4
Revelasyon 8:8
Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san.
Explore Revelasyon 8:8
5
Revelasyon 8:10-11
Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
Explore Revelasyon 8:10-11
6
Revelasyon 8:12
Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
Explore Revelasyon 8:12