1
Revelasyon 21:4
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
Compare
Explore Revelasyon 21:4
2
Revelasyon 21:5
Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
Explore Revelasyon 21:5
3
Revelasyon 21:3
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.
Explore Revelasyon 21:3
4
Revelasyon 21:6
Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.
Explore Revelasyon 21:6
5
Revelasyon 21:7
Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
Explore Revelasyon 21:7
6
Revelasyon 21:8
Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
Explore Revelasyon 21:8
7
Revelasyon 21:1
Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
Explore Revelasyon 21:1
8
Revelasyon 21:2
Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
Explore Revelasyon 21:2
9
Revelasyon 21:23-24
Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
Explore Revelasyon 21:23-24