1
Revelasyon 19:7
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”
Compare
Explore Revelasyon 19:7
2
Revelasyon 19:16
Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
Explore Revelasyon 19:16
3
Revelasyon 19:11
Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
Explore Revelasyon 19:11
4
Revelasyon 19:12-13
Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
Explore Revelasyon 19:12-13
5
Revelasyon 19:15
Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
Explore Revelasyon 19:15
6
Revelasyon 19:20
Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
Explore Revelasyon 19:20