1
Revelasyon 16:15
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
Compare
Explore Revelasyon 16:15
2
Revelasyon 16:12
Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
Explore Revelasyon 16:12
3
Revelasyon 16:14
Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
Explore Revelasyon 16:14
4
Revelasyon 16:13
Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.
Explore Revelasyon 16:13
5
Revelasyon 16:9
Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.
Explore Revelasyon 16:9
6
Revelasyon 16:2
Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.
Explore Revelasyon 16:2
7
Revelasyon 16:16
Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.
Explore Revelasyon 16:16