1
I Korentyen Yo 13:4-5
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
Compare
Explore I Korentyen Yo 13:4-5
2
I Korentyen Yo 13:7
Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
Explore I Korentyen Yo 13:7
3
I Korentyen Yo 13:6
Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.
Explore I Korentyen Yo 13:6
4
I Korentyen Yo 13:13
Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
Explore I Korentyen Yo 13:13
5
I Korentyen Yo 13:8
Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
Explore I Korentyen Yo 13:8
6
I Korentyen Yo 13:1
Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.
Explore I Korentyen Yo 13:1
7
I Korentyen Yo 13:2
Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.
Explore I Korentyen Yo 13:2
8
I Korentyen Yo 13:3
Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
Explore I Korentyen Yo 13:3
9
I Korentyen Yo 13:11
Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
Explore I Korentyen Yo 13:11