1
Rev 5:9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
Compare
Explore Rev 5:9
2
Rev 5:12
Zanj yo t ap di byen fò: “Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la. Li diy pou l resevwa onè, glwa, ak louwanj!”
Explore Rev 5:12
3
Rev 5:10
Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an, y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”
Explore Rev 5:10
4
Rev 5:13
Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di: “Tout louwanj ak onè ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan, se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”
Explore Rev 5:13
5
Rev 5:5
Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.
Explore Rev 5:5