1
Mat 27:46
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “ Eli, Eli, lema sabaktani! ” Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
Compare
Explore Mat 27:46
2
Mat 27:51-52
Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite.
Explore Mat 27:51-52
3
Mat 27:50
Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
Explore Mat 27:50
4
Mat 27:54
Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
Explore Mat 27:54
5
Mat 27:45
Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a.
Explore Mat 27:45
6
Mat 27:22-23
Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?” Yo tout reponn: “Krisifye l!” Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?” Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”
Explore Mat 27:22-23
Home
Bible
Plans
Videos