1
Jak 1:2-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere. Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo.
Compare
Explore Jak 1:2-3
2
Jak 1:5
Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.
Explore Jak 1:5
3
Jak 1:19
Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè.
Explore Jak 1:19
4
Jak 1:4
Lòske pasyans lan fè travay li nan ou, l ap pote bon rezilta. Ou ap vin yon moun ki gen matirite epi byen fòme. Ou ap vin egzateman jan Bondye vle w ye, san manke anyen.
Explore Jak 1:4
5
Jak 1:22
Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou.
Explore Jak 1:22
6
Jak 1:12
Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.
Explore Jak 1:12
7
Jak 1:17
Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.
Explore Jak 1:17
8
Jak 1:23-24
Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye. Lè l fin i, li pati epi li bliye kijan figi l te ye.
Explore Jak 1:23-24
9
Jak 1:27
Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.
Explore Jak 1:27
10
Jak 1:13-14
Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l.
Explore Jak 1:13-14
11
Jak 1:9
Yon frè ou yon sè ki pa rich, li ta dwe santi l fyè konsa, paske Bondye ba l yon plas ki enpòtan.
Explore Jak 1:9
Home
Bible
Plans
Videos