1
2 Pyè 2:9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.
Compare
Explore 2 Pyè 2:9
2
2 Pyè 2:21-22
Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”. Epitou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”
Explore 2 Pyè 2:21-22
3
2 Pyè 2:19
Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.
Explore 2 Pyè 2:19
4
2 Pyè 2:20
Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.
Explore 2 Pyè 2:20
5
2 Pyè 2:1
Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.
Explore 2 Pyè 2:1