Menm jan Kris te soufri poutèt sa moun te fè l, nou menm tou, pare pou n soufri. Paske yon moun ki aksepte soufrans nan lavi sa a fini ak peche. Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito.