Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa te mouri anba kalamite sa yo, pa te sispann adore satan ak zidòl lò, lajan, bwonz, wòch epi ak zidòl bwa, zidòl ki pa ka wè ni ki pa ka tande ni ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pat chanje jan yo t'ap viv la, yo pat sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.