1
Sòm 51:10
1998 Haïtienne
HAT98
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Compare
Explore Sòm 51:10
2
Sòm 51:12
(14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.
Explore Sòm 51:12
3
Sòm 51:11
(13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
Explore Sòm 51:11
4
Sòm 51:17
(19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
Explore Sòm 51:17
5
Sòm 51:1-2
(3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. (4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan.
Explore Sòm 51:1-2
6
Sòm 51:7
(9) Wete peche m lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou. Lave m, m'a pi blan pase koton.
Explore Sòm 51:7
7
Sòm 51:4
(6) Se kont ou menm menm mwen peche Se pa kont lòt moun. Mwen fè sa ou pa dakò moun fè. Se sa ki fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
Explore Sòm 51:4