1
Sòm 34:18
1998 Haïtienne
HAT98
(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
Compare
Explore Sòm 34:18
2
Sòm 34:4
(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.
Explore Sòm 34:4
3
Sòm 34:19
(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.
Explore Sòm 34:19
4
Sòm 34:8
(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
Explore Sòm 34:8
5
Sòm 34:5
(6) Lè nou vire je nou gade l, sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
Explore Sòm 34:5
6
Sòm 34:17
(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray.
Explore Sòm 34:17
7
Sòm 34:7
(8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
Explore Sòm 34:7
8
Sòm 34:14
(15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Explore Sòm 34:14
9
Sòm 34:13
(14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
Explore Sòm 34:13
10
Sòm 34:15
(16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l.
Explore Sòm 34:15
11
Sòm 34:3
(4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
Explore Sòm 34:3
Home
Bible
Plans
Videos